Nan okazyon Jounen entènasyonal lang kreyòl la, 28 oktòb, sekreteri dEta pou Alfabetizasyon (SEA) te òganize yon seri aktivite, tankou yon jounen pòt louvri, pou sansibilize piblik la sou pwoblèm lang sa a jwenn sou chimen li. Yon jou avan Jounen entènasyonal sila a, responsab yo te pwofite fè yon bilan sou divès aktivite yap mennen nan kad Kanpay alfabetizasyon an. Anpil moun te fè deplasman. Yo te tou pwofite fè inogirasyon 2 sal konferans Sekreteri dEta Alfabetizasyon an.
Pou jounen espesyal sa a, Carol Joseph, Sekretè dEta alfabetizasyon an, te deklare : « Nou dwe respekte lang kreyòl ki se lang idantite nou, lang kilti nou. Nou dwe fè pwomosyon lang kreyòl la ». Li te ensiste sou travay SEA a vle mennen nan plizyè sektè pou fasilite itilizasyon lang kreyòl la nan ledikasyon ak nan lajistis, « kote pifò jijman fèt nan lang franse, poutan, anpil ayisyen pa pale lang sa ». Carol Joseph konnen sa ka pran anpil tan, men li te pwofite raple « lang kreyòl la okipe trannsenkyèm plas sou tout lang ki pale sou latè, plis pase 11 milyon moun itilize l ».
Responsab SEA yo bay youn nan 2 sal konferans yo pote non Oswald Durand, premye powèt ayisyen ki te ekri yon pwezi an kreyòl (Choucoune) paske li te louvri chimen pou anpil lòt ekriven. Carol Joseph te pwofite bay yon bilan pou Kanpay alfabetizasyon an: « Gen 22 000 moun ki gen tan pase nan sant yo, 44 000 ap pran fòmasyon jounen jodi a. » Anplis, pwogram nan prèske kouvri tout depatman peyi a. Sekretè a kontinye pou li di : « Nap vanse dousman, men nou vle rive kote nou prale a. Si tout bagay mache byen, ane kap vini an, lè konsa, nap gen 4 000 sant alfabetizasyon kap fonksyone nan tout peyi a ». Objektif responsab SEA yo, se rive alfabetize 3 milyon Ayisyen.
Pou devlopman lang kreyòl la
SEA te remèt yon plak onè ak merit bay pwofesè Yves Déjean, youn nan pi gwo defensè lang sa nan peyi a. Pwogram nan te chaje anpil, ekspozisyon foto sou tèm sila ak liv ki ekri, konferans deba... Ap gen lòt aktivite kap dewoule pandan tout semèn nan. Vandredi kap vini a, yon konferans-deba sou « Politik lengistik an Ayiti » ta dwe òganize nan Biwo nasyonal Etnoloji (BNE) sou Channmas.
Yves Déjean te ensiste sou plas kreyòl la dwe jwe nan ledikasyon nan peyi a. Pou limenm : « Nan pa sèvi ak kreyòl nan yon seri sitiyasyon, nou an reta anpil. Pa gen lekòl ki fèt an kreyòl an Ayiti, anwetan de twa grenn ki fè kèk eksperyans pèsonèl ». Li te denonse, daprè li, ipokrizi ki genyen nan koze sa a, paske responsab lekòl yo di yo gen kou kreyòl, men kou sa yo pa aprann timoun yo anyen nan lang nan. « Se yon majorite timoun ki pale kreyòl, si nou vle fè lekòl pou tout moun, nou dwe fè li an kreyòl », se sa li te di, anvan li te ankouraje tout moun kap panse nan domèn lan pou yo bay timoun yo yon chans.
Bò kote pal, direktè kominikasyon SEA a, Ary Régis, eksplike rezon ki fè yo te chwazi aktivite sa yo, yon jou anvan fèt kreyòl la : « Nou vle bay jou sa tout enpòtans li. Nou pa vle fè lòt bagay ki pou kouvri li, pou pèmèt tout moun ki vle travay sou lang sa, itilize jou sila tankou yon jounen refleksyon ». Direktè kominikasyon an te kontinye pou li di : « Nou fè li tou pou ankouraje tout kote bay kreyòl la valè li, pou moun ki pale lang sa sèlman pa wont. Se pou kreyòl kapab devlope tou, paske si li antre nan lasyans, lap ale pi lwen ». Daprè li, Kanpay alfabetizasyon an bay moun yo mwayen pou yo poze plis kesyon, gade ak konprann tou.
Ary Régis te ajoute : « Nou gen lanbisyon poun fè plis moun ekri nan lang sa a. Lè gen festival liv yo, nou pa jwenn prèske liv ki ekri an kreyòl. Gen anpil moun kap aprann lang lan, men fòk yo jwenn dokiman pou yo li ». Pou limenm, nan lane kap vini yo, lè yap fete kreyòl, se pa nan bouch sèlman yap fè li, men tou, avèk anpil pwodiksyon ki ekri nan lang lan.