Se premye rekonpans ane a epi se Pòtigè Cristiano Ronaldo ki resevwa li yè lendi a. Atakan Manchester United la eli meyè foutbolè ane a se Sendika jwè pwofesyonèl yo (FifPro) ki eli l sou 54 lòt jwè kite chwazi. Distenksyon sa rekonpanse l pou bèl sezon l pase pandan li ranpòte chanpyona angle a ak Lig dè chanpyon an, pandan l make an total 42 gòl pou tout konpetisyon yo mele.
« Se yon bagay ki enkwayab, lè w resevwa onè de jwè enpòtan sa yo », se sa Ronaldo te deklare. « Mwen ta renmen remèsye patnè m yo, antrenè m yo, tout moun nan Manchester e nan ekip nasyonal mwen an, tout zanmi m epi fanmi m ki toujou ban m sipò ». Potigè a apre sa rann yon omaj ak antrenè li Alex Ferguson, kite pou li yon gran èd. « Li te kwè nan mwen, se sak fè l te fè m siyen. Li aprann mwen anpil bagay e li toujou kontinye ap fè sa, paske l se yon gran antrenè ». Se dayè « youn nan rezon » ki pouse l rete nan peyi Angletè ete sa a, tandike Real Madrid tap fè l je dou. « Kounye a tèt mwen isit la (Manchester), se sa li te ensiste sou li. Mwen konsantre anpil sou 2 objektif : « ranpòte yon lòt fwa chanpyona a ak Lig dè chanpyon an ».
Pami jwè Cristiano devanse yo, dis nan yo fè pati avèk li nan ekip tip pou ane a, tankou senk Espanyòl (Casillas, Puyol, Sergio Ramos, Xavi, Fernando Torres), kite kontribye nan siksè seleksyon yo pandan Ewo a ki sòt pase a nan mwa jwen an. Twa Angle (Terry, Rio Ferdinand et Gerrard) prezan tou, menm jan ak Balon dò 2007 la, Brezilyen Kaka ak Ajanten Baselòn nan Lionel Messi.
Onz ane a :
Gadyen : Iker Casillas (Esp./Real Madrid)
Defansè : Sergio Ramos (Esp./Real Madrid); John Terry (Ang./ Chelsea); Carles Puyol (Esp./ Barcelone); Rio Ferdinand (Ang./ Manchester United)
Milye : Steven Gerrard (Ang./ Liverpool); Xavi (Esp./ Barcelone); Kaka (Bre./AC Milan).
Atakan: Lionel Messi (Arg./ Barcelone); Fernando Torres (Esp./Liverpool); Cristiano Ronaldo (Pòt./ Manchester United)