mardi 7 septembre 2010
   
         
Economie:
Taux de change: Gourdes
   
Achat

Vente

  1 USD
42.51
42.8
  1 ERO
60.79
61.2
  1 CAN
45.48
45.8
 
 
 
12/17/2009

 

 
Créole
N ap kanzò nan filozofi

Kilès pwofesè ki te bay defi tradwi an kreyòl yon fraz Shakespear ki sòti nan bouch Hamelet : Etre ou ne pas être pou pwouve kreyòl pa lang oubyen li pa gen kapasite abstraksyon ? kilès lòt entèlektyèl save ki te mande kòm prèv lang kreyòl ka fè filozofi, tradwi ba li yonn nan gwo liv Kant ekri ki rele : «Critique de la raison pure » ? Jodi a ankò, menm si kreyòl la gen plis plas nan echanj sosyal yo, gen kèk moun ki kontiniye gen dout sou kapasite l pou eskprime lapanse inivèsèl. Poutan depi ou dakò yon zouti kominikasyon se yon lang, ou tou dakò li ka di ni konkrè ni abstrè, li ka di tanporèl, tankou lentanporèl.
Se pou montre non sèlman kreyòl la ka fè filozofi nan sans klasik tèm nan, men li ka tou tradwi sistèm filozofik oksidantal yo, Jean Jacques Clark Parent chantè- konpozitè, ansyen senatè, ekri yon liv ki gen yon bèl tit ki di : « N ap kanzo nan filozofi ». Otè a koumanse l tankou yon liv pou elèv filo, li poze kesyon sou objè etid la menm. Kisa filozofi a ye ?
Li reponn se lasajès pandan l ap bay objektif li ki se pèmèt nou antre nan patri filozof yo : Socrate, Descartes, Husserl… pou dyaloge avè yo. Se yon dyalòg ki koumanse ak Socrate pou al fini ak Bergson. Nan premye chapit la li tabli rapò filozofi ak lavi, filozofi ak teknik kote li montre menm si jodi a se teknik k ap domine, men filozofi a pa ka mouri paske li gen wòl tou pou reflechi sou lamatyè. Si teknik lan fè lavi parèt pi fasil, pèmèt lòm gen plis pouvwa sou lanati, se filozofi a ki pou fè nou jwenn etik ki dwe akonpaye teknik lan epi jwenn sans lavi a.
Nan dezyèm chapit la, li plis chita sou psikaliz kote li abòde konsèp konsyans ak enkonsyan. Li evoke jan Descartes konprann konsyans lan, li lye ak panse « Je pense donc je suis » M ap panse donk m ekziste. Pou li se te sèl prèv ekzkistans konsyans, paske li te fè dout yonn nan baz sistèm li a. Men Gassendi ki te yon filozof sansyalis, espesyalis nan matematik ak astronomi pa t dakò ak Descartes. Li menm li kwè se ekpresyon sans yo ki prèv konsyans la. Poutan Husserl kwè se entansyonalite ki defini konsyans lan. Pi lwen li montre kòman divès konsepsyon sou konsyans lan pra l itil pou devlopman psikaliz ak Freud ki te elabore nouvo metòd pou travay enkonsyan an, fè l monte yon tikras nan nivo konsyans.
Apre Parent fin pale de pasyon, santiman, li tante analize « konesans sou lòt » Sa mennen l abòde kominakasyon modèn. Chapit senk lan ki se dènye a, chita sou de konsèp ki te toujou enterese filozof yo « tan ak espas » Li kòmanse ak Héraclite pou fini ak Bergson.
« N ap kanzo nan filozofi » se yon tantativ ki enteresan, men li gen plizyè feblès. Li pa antre ase nan pwofondè konsèp yo, li pa devlope sistèm filozofik yo ase. Li rakonte twòp ti istwa sou filozòf yo pou eksplike konsepsyon yo, sa ki fè liv la sanble ak liv pou ekolye. Anpi otè a fè kèk tradiksyon ki bay pwoblèm. Nan tout konsèp ak tèm li eseye enstrimantalize yo, de sèlman parèt gen sans : le moi Mwen an, le surmoi Soumwen. Men lè l chwazi dezipòt pou tradwi instinct, Govisyans pou ordinateur, Lizè pou lecteur Mwentikal pou molécule, Pitikal pou particule..., nou twouble paske anpil nan mo sa yo pase nan lang deja. Olye pou nou ta chita ap kreye mo, -nan ka sa pap deranje lang lan-, lè se yon konsep filozofik oubyen syantifik, li ta pi bon pou pran l nan franse a, paske kreyòl la anpil mo ki ladan l sòti nan franse. Oubyen pran konsèp nan lòt lang tou si l poko pase nan franse.
Nou dakò avè l lè li ekri nan prefas liv la « Fòk nou kontinye travay pou devlope lang sa, fòk gen plis mo nouvo ki antre ladan l pou tradwi lide abstrè » Men tou sa dwe fèt ak swen, ak sans responsabilite epi san folklorism.

Par Bonel Auguste
lundi 18 décembre 2006

 
Actualités

Réouverture des classes / Petit à petit, l’oiseau fait son nid, mais…

Haïti / Séisme / La culture plus forte que les promesses

Haïti / politique / Albert Ramdin de l’OEA aurait-il menti ?

Haïti / Visite de Michelle Obama / Signe renforcé de l’engagement américain envers Haïti

Relocalisation / Sinistrés / Les préparatifs vont bon train

Éditorial

Leonel !

Quiproquos !

Paradoxes !

Ras-le-bol !

Collusion !

Agora

Le creuset de l’histoire

À bas les stratégies de faux-semblants

Les viols dans les camps : lever le voile du tabou !

Panser et penser Haïti

Haïti / post-séisme: La Diplomatie « donnant-donnant, gagnant-gagnant »

Économie

Crise pétrolière post-séisme, le moment est vraiment mal choisi !

Une affaire de fer...

Un défi : démocratisation de l’éducation pour éviter l’abandon social

Déconstruction, reconstruction : des victimes aux abois !

La survie de larges couches sociales préoccupe toujours les IMF

Société

Cité Soleil / Foyer culturel Saint-Vincent de Paul : un exemple de démocratisation de l’éducation

Des parlementaires américains au chevet d’orphelins haïtiens

Brazzaville / La prostitution juvénile ne choque pas grand monde

Congo Brazzaville / Harcèlement sexuel des élèves : des parents brisent le silence

Séisme / Enfants victimes / Don de 1, 593,910.00 gourdes de Voilà à Save The Children

Culture

Exposition en hommage aux victimes du 12 janvier

Littérature haïtienne / Canada / Salon du livre de Québec / Encore une fois, la littérature haïtienne a le vent en poupe…

L’Enarts, un abri provisoire pour les artistes

Palais national : pour ou contre une nouvelle architecture !

Littérature Haïtienne / distinction / anniversaire / interview / Frankétienne: produit typiquement haïtien et à jamais vertical…

Sport

Football / Amauri est Italien. Lippi ne fait aucune promesse

Liga Super clasico

Jeux centraméricains et Caraïbes / Les Jeux dédiés aux victimes du séisme !

Basket-ball / L’Ashbac reprend du service

Tour d'horizon

A la Une

Haïti / politique / La CIRH dans le collimateur de l’opposition

Haïti / R. Dominicaine / Post-séisme / Le 12 janvier a-t-il rapproché les deux pays ?

Haïti / Post-séisme / Reloger les sans-abri : le nœud gordien

Plan de reconstruction / Toutes les voix n’ont pas été entendues !

Plan de reconstruction / Le PSSN : « un instrument véritablement révolutionnaire » !

Monde

Ce que le Chili et Haïti n’ont pas en commun

 
 

 

       
 
 
 
   
     
© 2008 Le matin, Conception: Paul R. Ménager